___________________
Paj Enpòtan
Lè w ap ale enskri pitit ou nan yon lekòl nan distri Palm Beach la ou dwe prezante yon seri dokiman pou w kapab ranpli fòm enfòmasyon yo pou plasman elèv la nan klas ki apwopriye ak pou dosye jeneral timoun nan. Anvan yo otorize timoun nan kòmanse lekòl genyen kèk dokiman ki obligatwa, san yo timoun nan pa p kapab enskri.
Prèv laj timoun nan
• batistè • sètifika batèm • paspò • dosye asirans • dosye bib • dosye lekòl pitit ou pou 4 ane pase yo • prèv laj doktè/ jij siyen
Prèv adrès kote timoun nan • Kontra lwaye oswa kontra kay ou te achte • Bòdwo kouran oswa dlo sou non paran an • Yon lèt notarye pwopriyetè kay kote paran rete a ekri ki di se la li rete
Enfòmasyon sou sante • Kat vaksinasyon ki montre timoun nan pran vaksen ki obligatwa yo dapre klas li ye.
* Fòm DH 680 * Sètifika egzansyon medikal * Sètifika egzansyon akòz relijyon
=================================================================
KLAS VAKSEN LÒT EGZIJANS
Kindègatenn: Seri Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon Lawoujòl-Epatit B-Varisèl - Konsiltasyon medikal
Klas premye: Seri Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon Lawoujòl-Epatit B-Varisèl
Klas dezyèm: Seri Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon Lawoujòl - Epatit B - Varisèl
Klas twazyèm: Seri Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon Lawoujòl - Epatit B
Klas katriyèm: Seri Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon Lawoujòl - Epatit B
Klas senkyèm: Seri Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon Lawoujòl - Epatit B
Klas sizyèm: Seri Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon-Lawoujòl
Klas setyèm: Seri Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon Lawoujòl - Epatit B-Boustè tetanòs - Konsiltasyon medikal
Klas uityèm: Seri Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon Lawoujòl - Epatit B-Boustè tetanòs
Klas nevyèm: Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon Lawoujòl - Epatit B-Boustè tetanòs
Klas dizyèm: Seri Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon Lawoujòl - Epatit B-Boustè tetanòs
Klas onzyèm: Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon Lawoujòl - Epatit B-Boustè tetanòs
Klas douzyèm: Difteri-Tetanòs-Polyo-Malmouton-Saranpyon Lawoujòl - Epatit B-Boustè tetanòs
*** Nenpòt elèv ki soti nan yon lòt eta oswa yon lòt peyi dwe genyen egzamen medikal pou nenpòt klas yo prale. Egzamen medikal la pa dwe la plis pase 12 mwa anvan timoun nan antre nan distri a. =============================================
Fòm ak dokiman pou ranpli
Lè w ap enskri pitit ou, w ap genyen pou ranpli plizyè fòm nan lekòl la. Si ou pa kapab ranpli fòm yo poukont ou, genyen moun nan biwo lekòl la ki pale menm lang ak ou pou ede w. Men, ou dwe kapab bay enfòmasyon yo bezwen yo. Ou dwe siyen fòm yo poukont ou paske okenn lòt moun pa otorize pou siyen pou ou.
Genyen senk fòm diferan paran yo ap bezwen ranpli lè y ap enskri pitit yo lekòl. Paran yo dwe genyen enfòmasyon yo tout pare lè yo vin enskri pitit yo. Li ta bon si yo ekri yo sou papye alavans pou kapab jwenn yo byen fasil.
Men senk fòm w ap genyen pou ranpli: • Fòm enskripsyon • Fòm enfòmasyon pou sante ak sekirite elèv nan ka ijans • Fòm aplikasyon pou manje gratis oswa a pi ba pri • Fòm pou fè demann dosye • Fòm pou bay lòt kalite otorizasyon
Lòt dokiman ak lòt fòm ou kapab resevwa lekòl la: • Manyèl enfòmasyon osijè lekòl la • Fòm enskripsyon pou gadri apre lekòl • Fòm pou w fè kòmand inifòm • Fòm enskripsyon pou w vin manm asosyasyon paran ak pwofesè • Lis founiti pitit ou ap bezwen pou lekòl • Kalandriye ane lekòl la • Meni manje pou mwa a • Kat lekòl la • Fòm pou pran asirans bon mache • Orè ak pakou bis yo
=======================================
Men Enfòmasyon Osijè Pitit Ou, Oumenm Ak Lòt Manm Fanmi W, Oswa Zanmi W Ap Bezwen Konnen Pou Ranpli Tout Fòm Pandan Enskripsyon An.
• Non timoun w ap enskri a • Adrès kote timoun nan rete • Nimewo telefòn kay kote li rete • Non manman ak papa timoun nan • Adrès ak nimewo telefòn manman ak papa timoun nan • Kote manman an travay ak nimewo telefòn travay la • Kote papa a travay ak nimewo telefòn travay la • Non moun ki pa paran ou bay pèmisyon pou vin chèche timoun nan lekòl • Adrès ak nimewo telefòn moun ki pa paran ou otorize vin chèche timoun nan lekòl • Mo kle / mo sekrè / modpas • Non doktè timoun nan oswa klinik kote li pran swen • Nimewo telefòn doktè timoun nan oswa klinik • Alèji ak maladi timoun nan soufri • Nimewo sosyal ou • Non dènye lekòl pitit ou te ye a • Adrès dènye lekòl kote pitit ou te ye a • Klas pitit ou t ap fè nan dènye lekòl li te ye a • Dènye dat timoun nan te nan lekòl la • Enfòmasyon osijè èd leta w ap resevwa • Non ak dat nesans lòt pitit ou genyen • Non tout granmoun ki ap viv nan menm kay ak ou • Kantite lajan tout granmoun ki ap viv nan menm kay ak ou a ap touche
|