___________________
Paj Enpòtan
Depatman Afè Piblik Distri Lekòl Rejyon Palm Beach 3300 Forest Hill Blvd. Suite B-102 West Palm Beach, Florida 33406 |
Kisa tès FCAT la ye? FCAT se yon tès yo bay elèv lekòl nan eta Florid pou detèmine nivo konesans yo ak si yo apran ase sa yo dwe konnen pou kapab chanje klas ak gradye lekòl segondè. Tès la genyen seksyon Redaksyon pou klas 4yèm, 8yèm ak 10yèm, Lekti ak Matematik pou klas 3yèm jiska 10yèm, ak Syans pou klas 5yèm, 8yèm ak 11yèm.
Tès FCAT la mezire sa elèv dwe konnen nan domèn lekti, redaksyon, syans ak matematik dapre sa ki defini nan Sunshine State Standards ki se kourikoulòm pou tout lekòl piblik nan eta Florid la.
• Seksyon Redaksyon bay nan mwa fevriye • Seksyon Lekti, Matematik ak Syans bay nan mwa Mas.
Si ou bezwen dat egzak yo, tanpri mande konseye akademik lekòl pitit ou. Pratike pou pran tès FCAT la Depatman Edikasyon eta Florid devlope yon resous sou entènèt ki rele FCAT Explorer pou ede elèv pratike pou tès FCAT la lakay yo ak nan lekòl yo oswa nenpòt kote ki genyen yon konpitè ak koneksyon entènèt. Paran dwe ankouraje pitit yo pratike tès FCAT la sou FCAT Explorer yon fason pou ede yo prepare pou tès reyèl la. Pou vizite paj FCAT Explorer a, klike sou logo anba a:
Chak lekòl yo genyen yon moun ki anchaj de pwogram FCAT la. Pou konnen kiyès ki anchaj nan lekòl pitit ou, tanpri klike sou logo anba a epi chwazi lekòl la.
Pou aprann kijan pou itilize pwogram FCAT Explorer a, vizite paj ki nan lenk anba a epi gade videyo a.
Pou plis enfòmasyon rele Depatman Edikasyon
|