
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap selebre
Mwa Eritaj Ayisyen, yon komemorasyon anyèl ki rekonèt kokennchenn kontribisyon Ayisyen pote nan istwa mond la. Se yon selebrasyon istwa ak kilti ayisyen ak yon opòtinite pou pataje kilti sa a ak kominote kote y ap viv.
Plizyè lekòl nan distri yo ap òganize yon varyete aktivite, epi ap genyen aktivite kominotè nan tout Rejyon Palm Beach la. Anplis, Sistèm Bibliyotèk Rejyon Palm Beach la ap òganize plizyè aktivite tou. Depatman Edikasyon Miltikiltirèl nan Distri a pwograme kat sesyon motivasyon vityèl ak envite ki pral pale ak elèv yo pandan klas yo.
Ane sa a yon fwa ankò ap genyen
Konkou Disètasyon Mwa Eritaj Ayisyen an pou elèv lekòl segondè yo. Se yon patwonaj
Gaskov Clergé Foundation,
Educa Vision Inc.,
Triple VMC Global Services, ak lòt patnè biznis.
Tèm konkou a se: “ Apati yon pèspektiv istorik, eksplike pi gwo pwoblèm ak faktè ki anpeche devlopman Ayiti, epi sijere fason pou simonte yo.” Y ap rekonèt gayan konkou yo nan yon aktivite ki ap fèt nan Lantana Branch Library Samdi 14 me a 2:30 p.m., kote yo pral resevwa pri yo epi li redaksyon yo pou piblik la.
Gen plis enfòmasyon sou aktivite Mwa Eritaj Ayisyen ki disponib nan lyen ki anba yo:
•
Aktivite Mwa Eritaj Ayisyen nan Rejyon Palm Beach la
•
Aktivite nan bibliyotèk nan Rejyon Palm Beach la
•
Selebre Mwa Eritaj Ayisyen: Yon Gid Resous Pou Pwofesè