an Kreyòl
Santdakèy
Santdakèy “Welcome Center” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach akeyi fanmi nouvo elèv Jadendanfan jiska 12yèm ane ki pa gen Anglè kòm premye lang oswa ki te fèt oswa ki te ale lekòl nan lòt peyi ki pa Etazini.
Objektif sant la se sipòte elèv sa yo ak fanmi yo nan fasilite yon tranzisyon fasil nan lekòl Rejyon Palm Beach yo. Sant la ede avèk pwosesis enskripsyon an epi asire elèv yo enskri nan zòn kote lekòl yo ye.
Pandan vizit yo, y ap bay fanmi yo sèvis tankou:
- Plasman nan klas ki apwopriye
- Entèpretasyon
- Evalyasyon relve nòt lekòl
- Konsèye elèv yo sou seleksyon kou ki rekòmande.
- Orè Vaksen Grais oswa rele nan (561) 434-8197 pou dat yo
Anplis, sant la ap bay enfòmasyon sou kondisyon gradyasyon, pwogram ki gen nan lekòl yo, ak yon varyete ajans kominotè k ap bay fanmi yo resous ak sèvis.
Tyèklis pou Enskripsyon pou Paran/Responsab
Lokal Santdakèy:
3300 Forest Hill Blvd.
Building E-50-116
West Palm Beach, FL 33406
Telefòn # (561) 434-8197
Email Julie Acevedo or welcomecenter@palmbeachschools.org