Egzijans Medikal pou Antre Lekòl (Haitian Creole)

  • Egzijans Medikal pou Antre Lekòl 

    Tout elèv k ap enskri nan lekòl Rejyon Palm Beach pral bezwen satisfè kondisyon pou egzamen medikal ak vaksen sa yo. Depatman Sante Florid kontwole epi revize kondisyon vaksinasyon, epi konseye lekòl yo konsènan konfòmite. 

    Egzamen Medikal

    P-5.06 (A) ak F.S. 1003.22(1)

    Yo egzije yon egzamen medikal pou antre lekòl pou tout elèv ki nouvo nan Distri a nan Matènèl, Jadendanfan, ak 7yèm ane, san eksepsyon. Egzamen medikal sou Fòm Egzamen Medikal Eta Florid (School Entry Health Exam FormDH 3040, ta dwe konplete nan 12 mwa avan dat antre nan Distri a, Matènèl, Jadendanfan oswa 7yèm ane epi remèt li bay lekòl la nan 30 jou apati dat antre a. Yo kapab aksepte egzamen medikal ki fèt andeyò eta a depi yo satisfè menm egzijans tès yo mande nan Fòm DH3040 nan, yo genyen siyati doktè a ak so klinik la.


    Vaksen yo mande

    Elèv k ap antre nan Jadendanfan, 7yèm ane, oswa k ap enskri pou antre lekòl nan Rejyon Palm Beach la pou premye fwa oblije pran vaksen epi prezante yon Sètifika Vaksinasyon Florid (Fòm DH 680) bay lekòl la nan moman enskripsyon an.

    P-5.06 (B) ak F.S. 1003.22 (4)

    Elèv yo dwe prezante yon Sètifika Vaksinasyon, Fòm DH 680 ki endike konfòmite avèk orè vaksinasyon kouran an avan yo kapab admi ak/oswa prezan nan lekòl. Yo kapab prezante tou yon Sètifika Egzanpsyon pou Motif Relijye, fòm DH 681 ki disponib sèlman nan Depatman Sante Florid (Depatman Sante Rejyon Palm Beach). Elèv ki sanzabri,    k ap transfere, oswa k ap antre nan jistis jivenil kapab elijib pou yon egzanpsyon 30 jou. Gade nan FAC64D-3.046(4).

    Vaksen pou elèv k ap antre nan Jadendanfan (K) oswa nenpòt klas kòm yon nouvo elèv nan rejyon an:

    • Diphtheria/Tetanus/Pertussis (seri DTaP) – (Difteri/Tetanòs/Koklich) Senk dòz
    • Hepatitis B (Seri Hep B) – (Epatit B) -Twa dòz
    • Polyo (OPV or IPV) – Kat dòz (dènye a aprè laj 4 tran)
    • Measles/Mumps/Rubella (MMR) – (Lawoujòl /Malmouton/Ribeyòl) - De (2) dòz
    • Varicella – (Varisèl) - De (2) dòz oswa yon verifikasyon istwa maladi Saranpyon ajans sante delivre sou Fòm DH680

     Anplis vaksen K-12 yo, elèv k ap antre nan 7yèm ane dwe genyen:

    • Tetanus/Diphtheria/Pertussis booster (Tdap) (rapèl Difteri/Tetanòs/Koklich)  – Yon dòz

    Si yon elèv aktyèlman deja enskri nan lekòl Rejyon Palm Beach epi l ap antre nan 7yèm ane, li dwe prezante yon fòm DH 680 ki ajou, avan li kapab kòmanse ale lekòl.

    Vaksen ak fòm DH 680 disponib atravè ajans medikal lokal, doktè lokal, oswa Depatman Sante Florid (Sant Sante Rejyon Palm Beach).

    Vaksen yo disponib tou atravè Otobis Vaksinasyon Depatman Sante Rejyon Palm Beach. Pou yon lis dat ak lè pou otobis la, rele (561) 840-4568. Fè sèten ou pote dosye vaksinasyon aktyèl pitit ou a lè li pral pran vaksen.

    Lyen ki itil:
    Orè Otobis Vaksinasyon Depatman Sante
    Orè Vaksinasyon CDC pou 0-6 an
    Orè Vaksinasyon CDC pou 7-18 an